Cart 0
 
 
 
 
 
Ki kote ou ye sou vwayaj espirityèl ou avèk Jezi?
 
 
sunset-banner_1200x800.jpg

 

Mwen kirye pou aprann plis

 

Mwen ak ou sanble.

Grape Vector 5.png

Mwen ak ou, ak tout lòt moun k ap viv sou latè gen twa bezwen fondamantal: Bezwen pou moun renmen nou, bezwen pou moun bezwen nou, ak bezwen pou moun asepte nou.

Sa w panse si m ta di w mwen konn kouman ou ka jwenn satisfaksyon pou tou lè twa bezwen sa yo?

Sa w panse si m ta di w se pa vann mwen pral vann ou anyen?

Sa w panse si m ta di w twa bezwen sa yo moun pa ka fè anyen pou merite yo, men se jis yon kado yo ye? Pou m di w byen, gen yon lè nan lavi m, mwen pa t gen lapè, ni lespwa, ni objektif mwen genyen kounye a. Mwen t ap chache nan monn lan, ak lespwa mwen t ap jwenn plis pase sa nan lavi a.

Yon jou, yon moun te pale m de yon Bondye ki renmen m anpil. Li te di m Bondye sa a gen relasyon pèsonèl ak moun, li pa rete lwen yo. Li envite m al viv nan syèl ak Li pou tout tan lè m mouri.

Men mwen te gen yon poblèm. Syèl la bon nèt, mwen menm, mwen pa bon nèt, kifè mwen pa ta ka antre la. Men Bondye sa a te fè yon wout pou mwen. Li te voye pitit li Jezi Kris vin mouri pou peye dèt peche m yo. Apre 3 jou, li te resisite pou l te ka montre Li se vrè solisyon an.

Kon sa, mwen te envite Jezi vin dirije lavi mwen. Mwen mande L pou L padone tout sa m fè ki mal yo, epi mwen mande L pou Li ban m pouvwa pou m pa viv pou tèt mwen ankò, men pou m ka viv pou Li pito.

Ou konn sa ki rive? Mwen vin gen nouvo jwa, lapè ak objektif. Se yon vrè mirak. Epi sa pa rete la non!


E ou menm ? 

Question Vector 1.png

Èske w prè pou yon nouvo kòmansman nan lavi w? Bib la di, lè nou mande Jezi pou L vin chèf/ Senyè lavi nou, nou se yon nouvo kreyati… bagay ansyen yo pase epi tout bagay vin nouvo !

Men yon kesyon trè enpòtan?

“Ki sa ki ta ka anpeche w remèt lavi ou bay Jezi nèt jodi a?”

Lapèrèz? Enkyetid? Presyon zanmi? Oubyen tou senpman pètèt ou evite panse ak zafè letènite? Pètèt ou di tèt ou Bondye gen twòp lòt bagay enpòtan pou L regle.

Men bon nouvèl la. Bondye renmen ou! Si nou mande padon pou peche nou yo, Li va padone nou … kèlkeswa gwosè peche a. Pou ki sa pou w t a ret ap pèdi tan?

Tande, pwen A,K,K yo di kouman nou ka al nan syèl la:

ADMÈT mwen fè sa ki mal. Mwen se yon moun ki fè peche. Epi Bondye pa ka kite okenn peche antre nan syèl la, sinon li pa t ap syèl ankò.

KWÈ ak tout mwen Jezi Kris te mouri pou peche m yo, apre sa li te resisite pou l montre se li menm ki solisyon an.

KONFESE peche mwen yo epi mande L pou padone mwen. Mwen dwe dakò vire do bay peche ak èd Bondye. Mande Jezi pou L vin Senyè ak Sovè … ak chèf lavi mwen.

Ou p ap ka netwaye lavi ou anvan ou vin jwenn Bondye. Ou dwe vini jan ou ye a. Bon bagay nou fè yo pa enpresyone Bondye, paske limenm li san peche. Li vle padone nou epi libere nou!

Ki sa ou panse? Ki sa ki ka anpeche w mande Jezi pou L vin Wa nan lavi w jodi a menm ? Pa gen anyen?

Eben, èske w vle di priyè sa a ak tout kè w ansanm avèk mwen kounye a?

Ann ale, di priyè sa a byen fò kounye a si w kapab depi w ap fè l ak tout kè ou:

“Senyè Jezi,

Mwen rekonèt mwen fè sa k pa bon, epi mwen se yon pechè. Mwen mande padon pou peche mwen yo. Mwen kwè Ou te mouri nan plas mwen epi ou te resisite ankò. Kon sa mwen di ou peche m yo. Tanpri padone mwen epi ban mwen yon nouvo kòmansman. Mwen mande pou W vin chèf lavi mwen ak Senyè nan kè mwen. Ede m pou mwen viv pou ou kounye a. Mwen di Ou mèsi pou gran lanmou Ou ak padon Ou. Mwen priye nan non Jezi…amèn!”


Felisitasyon! 

Si w te fè priyè sa a ak tout kè w, Bondye tande ou kounye a menm. Li padone tout vye bagay ou te fè yo. Kit peche w yo te gwo oubyen piti, Li padone ou. Kounye a ou gen yon nouvo kòmansman… yon lavi tou nèf!

Men kouman lanmou ou pou Bondye kapab kontinye rete djanm pou l pa janm fane:

Question Vector 2.png

Li Labib ou chak jou, priye chak jou. Mwen ap ankouraje w kòmanse li liv Jan an. Li va pale ou de Jezi ak lanmou Li pou ou. Epi lapriyè se senpman pale ak Bondye. Di Li mèsi pou bèl bagay li nan lavi w, epi mande l pou l ba ou sajès nan moman difisil yo.

Chache yon legiz ki kwè nan Labib epi ki preche pou moun gen relasyon pèsonèl ak Jezi menm jan ou sot fè la a, pou w ka pèsevere. Si w ta bezwen nou ede w jwenn youn, voye yon imel pou mwen epi m ap kabap ede ou.

Se pou ou batize nan dlo. Sa a va mete yon so sou dezisyon ou lan epi l ap rann li pi djanm anndan kè w. Legliz ou kapab ede w nan sans sa a.

Se pou ou ranpli ak Lespri Sen an. Mande Bondye chak jou pou Li ranpli ou ak Lespri Sen Li, epi pou Li lage don li yo sou ou. 5 premye chapit liv Ak la ap ede ou nan sans sa a.

Toutotan ou kapab, pale yon lòt moun de priyè sa a ou fè jodi a, ak kouman Jezi padone ou.

Kounye a, gen yon dènye bagay. Ou ap kapab voye imel pou mwen nan frostygrapes@oasiswm.org, epi pale m de desizyon sa a ou te pran pou fè Jezi vin Wa nan kè ou? Pètèt se kapab premye fwa ou rive fè yon bagay kon sa, oubyen pètèt ou te mete sou kote zafè espirityalite sa a epi kounye a ou retounen lakay ou. Kèlkeswa jan sa ta ye a, mwen t ap renmen tande istwa ou la.

Men kèk sit entènèt ki va ede w grandi nan nouvo lafwa sa a: www.needhim.org, www.oneminutewitness.org, and www.oasisworldministries.org.

 

Resous

 
 
 

VideYos

Chat ak yon moun

Ou gen kesyon? Enkyetid?

 
 
 

www.frostygrapes.com (English)
www.raisinsglaces.com (French / Français)
www.rezenglase.com (Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen)
www.uvasheladas.com (Spanish / Español)
www.zabibumbichi.com (Swahili / Kiswahili)